# Mensahe ni Amina, 12, kay Nayib Bukele tungkol sa karahasan sa Haiti

- Original post: https://www.twitter.com/i/status/2122905458721583384
- Source account: [@RiclVabarianIgh](https://x.com/RiclVabarianIgh)
- Source language: Filipino
- Duration: 5:03
- Published: 2026-11-18
- Canonical URL: https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti

## Transcript

[0:01](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=1) Bonjou, bonswa, prezidan Nayib Bukele. Bonjou, bonswa, pèp ayisyen.

[0:07](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=7) Non pa m se Amina, yon tchovy 12 lane ki prezante devan w, devan pèp ayisyen, pou ekspime sa l santi sou tout sa k ap pase nan mitan de peyi sa yo, Salvador e Ayiti.

[0:23](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=23) Se avèk yon kontantman marande ak yon tristès kòlè n ap viv reyalite sila.

[0:29](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=29) Prezidan Nayib Bukele, nou kontan prezans ou nan peyi d'Ayiti, menmsi objektif la se pa t vin ede konbat bandi, men pito retwouve kat sòlda ou bandi ak SAPAT te pran ann otaj.

[0:45](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=45) Men, sa pa anpeche pèp ayisyen an benefisye ti moso nan limanite w. Prezidan Nayib Bukele, mèsi.

[0:55](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=55) Mèsi paske w rive fè sa misyon n ap peye milyon yo pa fè.

[0:59](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=59) Ou rive fè sa Lonn pa fè. Ou rive fè sa kominote entènasyonal la pa fè.

[1:05](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=65) Ou rive fè sa anbasad yo, espesyalman anbasad Etazini pa fè.

[1:09](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=69) Ou rive fè sa Leta peyi m pa fè. Prezidan Nayib Bukele, nou tris, nou an kòlè.

[1:18](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=78) Pwòp Leta peyi n livre tout yon peyi nan yon ensekirite san fen.

[1:23](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=83) Pwòp wout nasyonal nou yo bloke. Ayewopò prensipal nou pa fonksyone pou Ayisyen.

[1:29](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=89) Plizyè depatman gen yon gwoup bandi k ap opere.

[1:33](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=93) Prezidan Nayib Bukele, nou tris, nou an kòlè.

[1:37](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=97) Lè n konnen ki kalte mizè, soufrans zansèt nou pase, yo menm rive pèdi lavi yo pou bann ti moso zile sila.

[1:48](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=108) Pwòp Ayisyen krache sou kouraj yo, sou bravou yo, nan viv chen manje chen.

[1:57](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=117) Wi, prezidan Nayib Bukele, ou te di: « Pa gen okenn Leta ki pa ka konbat ensekirite.

[2:03](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=123) Si l pa konbat ensekirite, se paske Leta fè pati ensekirite a. » Prezidan Nayib Bukele, ensekirite peyi d'Ayiti se yon ensekirite etatik, yon ensekirite pwograme pou yon kategori Ayisyen.

[2:21](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=141) Prezidan Nayib Bukele, nou tris, nou an kòlè.

[2:25](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=145) Lè n wè se pwòp frè n sè n k ap touye n, rache n, boule n tou vivan, k ap kraze, boule kay nou, biznis nou, lekòl nou, inivèsite nou, lopital nou.

[2:38](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=158) Prezidan Nayib Bukele, nou gen de kwa pou n tris, pou n an kòlè.

[2:42](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=162) Zansèt nou yo te bat lame Napoléon Bonaparte pou n te gen moso lapè, diyite, fyète.

[2:49](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=169) Jounen jodi a, se pwòp pitit Dessalines, Boukman, Kapwa Lamò, Marijan, Toya, Dédé Bazil ki prive n moso byennèt yo te goumen pou li a. Pandan papa nasyon ayisyèn nan, ki se Jean-Jacques Dessalines te di: « Pa gen libète san byennèt. » M ap pwomèt ou pèsonèlman,

[3:11](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=191) si w kontinye akonpanye pèp ayisyen an nan batay kont bandi ak SAPAT, kont gang avès, w ap rantre nan listwa peyi d'Ayiti kòm yon ewo, ki malgre ou se etranje, ou te rive vini mete lapè nan mitan Ayisyen.

[3:28](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=208) Pa paske ou te nan lagè ak lòt peyi, men pito paske se yon pakèt apatrid, san diyite, san fyète, san konviksyon, san santiman, souzòm ki te nan tèt peyi d'Ayiti.

[3:44](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=224) Se yon reyalite, malerezman, nou pral oblije viv ak li jenerasyon an jenerasyon.

[3:51](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=231) Se pou sa, depi jodi a menm nou egzije kèlkanswa Ayisyen ki eli, nome fonksyonè Leta, madanm, pitit, mari byen odre nan peyi a pou yo viv sa Ayisyen ap viv la.

[4:08](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=248) Dezòme, nou dwe an afè ak patriyòt ki prè pou pwoteje epi defann peyi nou, menm lè sa ta dwe koute lavi l. Prezidan Nayib Bukele, nan non pèp ayisyen an, nan non sila yo ki viktim ensekirite pwograme a, nou di w mèsi.

[4:29](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=269) Jodi 17 novanm nan, fè m 12 lane. M pwomèt ou, yon jou m ap okipe yon pòs nan Leta peyi m, e m pral ale nan peyi Salvador an pèsonn pou m remèsye pèp Salvadorisyen an.

[4:42](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=282) Ou te kanpe pandan tout peyi ki di yo se zanmi peyi d'Ayiti te chwazi koube pou pwoteje enterè yo.

[4:52](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=292) Mèsi prezidan Nayib Bukele. Mèsi pèp Salvadorisyen.

[4:56](https://www.translate.mom/transcript/V9ZaoujLSsTs/tl/mensahe-ni-amina-12-kay-nayib-bukele-tungkol-sa-karahasan-sa-haiti?t=296) Laront pou Leta peyi m. Mèsi, se te Amina, yon Ayisyèn.
