0:06

PNH, le bouclier de la population haïtienne.

0:11

Nan kad zefò k ap fèt pou retabli sekirite nan peyi a epi fasilite sikilasyon popilasyon an, fòs lòd yo kontinye ranfòse prezans yo nan plizyè zòn nan rejyon metropolitan nan, patikilyèman kote gwoup teroris yo te konn ap tante simen latwoublay.

0:40

Se nan dinamik sa, sitou atravè pwen fiks ak patwouy regilye ajan lòd yo, operasyon konsolidasyon yo ap ra pou suiv nan plizyè zòn tankou: Rikamo,

0:58

Rikapwa,

1:08

Pòtay Léogane,

1:23

Ri Monseyè Guyou,

1:33

Machè Salomon,

1:50

ak alantou estadi Silvio Cator,

2:03

ki jounen jodi a totalman defigire pa rapò ak nivo dega malfra yo, sitou nan kraze kay, lekòl, legliz, biznis e latriye.

2:31

Nan menm dinamik sa, ajan PNH yo, Task Force ak sòlda Salvadorisyen yo rive reprann kontwòl estadi Silvio Cator wa anba men bandi kriminèl yo epi mete an plas yon dispozitif pou sekirize estadi la ansanm ak lòt zòn ki anviwònèl yo,

2:51

nan sousi pou anpeche gwoup ame yo reprann espas yo te konn itilize pou simen lapèrez epi poze zak kriminèl sou popilasyon an.

3:05

Pandan tan sa, nan zòn Channmas, aktivite ekonomik ak sosyal yo ap reprann pwogresivman.

3:25

Machin, motosiklèt, pyeton sikile ak mwens difikilte, sa ki montre yon bonjan amelyorasyon nan kondisyon sekirite a.

3:45

Paralèlman, nan zòn Granri, kote gwoup ame yo te konn fè vyolans sou popilasyon an, ajan lòd yo ranfòse prezans yo nan tcheke tout veyikil ak pyeton k ap sikile nan perimèt la, sa ki pèmèt lavi kòmanse reprann timidman nan zòn sila a. Grasa ak prezans epi dispozitif sekirite Polis Nasyonal Ayiti a,

4:10

Fòs Lamed Ayiti, ansanm ak sòlda Salvadorisyen yo ki nan zòn gang yo te konn kraze ak piye yo, lavi kòmanse reprann nan rejyon sa yo.

4:32

PNH, le bouclier de la population haïtienne.

End of transcript · 293 words

iPhone app Translate videos on your iPhone Paste a TikTok, Instagram or X link, add subtitles in your language and save the video to Photos.

Made with TranslateMom

TranslateMom transcribes and translates videos from X, TikTok, YouTube and Instagram. Paste a link and you get a page like this one, in your language.

Transcribed with TranslateMom. Paste any video link to get subtitles and a transcript in your language.

© 2026 TranslateMom · AI video translation and subtitles Transcripts Sources Pricing Legal